Kreye Biznis ki Dirab

Yon ti rale sou sa nou ye

CASELI se yon Enstitisyon k ap Sipòte Antrepriz lakay ak lòtbò dlo atravè yon dividal sèvis. Ladan antrepriz sa yo nou jwenn ajans gouvènman, òganizasyon sektè prive, koperativ ak òganizasyon de baz yo. Nou gen konpetans sitou nan sèvis Konsèy ak Konsiltasyon ki taye pou reponn a bezwen chak kliyan. Sèvis sa yo gen ladan yo fòmasyon, ranfòsman kapasite, kreyasyon ak mete kanpe filyè agrikòl yo, jesyon ak transfè konesans, epi lòt ankò ! Nou reprezante tou yon platfòm pou pèmèt dyaspora Ayisyèn nan angaje l nan jèfò k ap fèt yo paske nou bayo espas pou yo envesti an Ayiti direkteman, epi sèvi ak richès konesans dyaspora a genyen pou rive atenn chanjman andedan ekosistèm antrepriz yo an Ayiti.

Prensip Lidèchip

Sansibilize moun (pèmèt yo pran konsyans) sou divès pwoblèm 

Pouvwa pou aji

Jere yon fason pou pataje ak anplwaye yo tout enfòmasyon, rekonpans ak pouvwa, yon fason pou yo ka pran inisyativ ak bon jan dezisyon pou rezoud pwoblèm yo epi amelyore sèvis la ak fason yo fè l.

Ekite

Jistis pou tout moun, san paspouki, sou baz prensip egalite yo. Ekite vle se lè tout moun resevwa menm avantaj, menm konsiderasyon oswa opòtinite, san fòs kote.

Entegrite

Respekte san grate tèt yon kòd moral (règ nou tonbe dakò ak yo) nan onètete aklè ki pa depaman ak sa nou panse, sa nou di ak sa nou fè.

Sèvis

Priyorite a se fè plis byen. Ankouraje tout kalite panse / refleksyon epi favorize lidèchip kay lòt moun, pou benefis kominote a.

Transparans

Pa gen ajenda ni kondisyon kache, disponiblite tout enfòmasyon ki nesesè pou bon jan kolaborasyon, koerasyon ak priz desizyon kolektif.

Nou pran angajman pou nou devlope antrepriz riral yo yon nouvo lidèchip kapasite antrepriz yo 

Objektif CASELI se ogmante pwosperite nan zòn riral yo, fè pwomosyon ekosistèm komèsyal ki gen kapasite fè fas kare ak pwoblèm yo, fasilite envestisman etranje san entèmedyè, bay patnè lokal Root Capital yo bon jan sipò san kanpe, ede kliyan ki la yo ak sila yo k ap vini, jere risk estratejik – finansye, teknolojik, onivo lokal, gras a yon prezans onivo lokal ki abòdab, yon konpetans kiltirèl ki pou pèmèt ogmante valè antrepriz lan pou tout antreprenè bò isit ak lòt bò dlo.

ODD yo enterese w pa vre?

Nou menm tou

Yon fason pou nou mache nan menm sansa k Objektif Devlopman Dirab yo (ODD), na p travay pou nou kreye richès ak enpak sosyal, pa mwayen bon jan sipò pou antrepriz yo ak envestiman.

Kliyan ak patnè nou yo