Sèvis

Aktivite CASELI a gen ladan asistans teknik dirèk ak biznis-a-biznis. Sant la sèvi kòm yon resous pou antreprenè lokal ak entènasyonal yo pataje enfòmasyon ak aprann youn nan men lòt.

Pataje Konesans ak Asistans Teknik

Aktivite CASELI gen ladan l asistans teknik dirèk (san entèmedyè) pou chak antrepriz epi antreyo. Sant lan sèvi kòm resous pou antreprenè yo (kit se lokal oswa entènasyonal) pou pèmèt yo patage enfòmasyon antreyo epi aprann yonn nan men lòt. Epi tou, nou reyalize chak tan yon sondaj pou nou pran enfòmasyon nan men kliyan nou yo sou aktivite yo ak pwogrè yo fè epi dokimante asistans teknik n ap bayo – nou fasilite tou echanj enfòmasyon nan mitan yo. Sant lan konsantre l tou sou yon bon kantite pwogram, inisyativ ak aktivite pou ranplase enpòtasyon (kivledi pwodwi ki sòti aletranje) epi ki gen enpak sou travay jèn yo, ki fè sòti aklè potansyèl ki genyen nan kat kwen peyi an pou mete kanpe antrepriz.