Inisyativ Inovasyon

Objektif CASELI se pou devlope pwosperite nan zon riral yo , ankouraje yon ekosistèm biznis fleksib, fasilite envestisman etranje dirèk ak bay sipò pou patnè lokal yo.

PWOGRAM ENKIBASYON

Haiti Start-up Talent

Yon pwogram ki mete kanpe pou kapab boujonnen biznis nan peyi a. Pwogram nan konsantre sou bati yon ekosistèm fleksib pou biznis an n Ayiti. Li bay antrepwiz ke kalifye yo yo aksè pou jwenn pi bon fòmasyon sou antreprenarya, sou rezo konseye, ak yon espas byen ekipe pou moun travay ansanm. Patisipan ki konplete nan pwogram demaraj la pral gen opòtinite pou yo prezante pwojé demaraj yo nan yon rezo patnè ak envestisè pou prete kòb oswa envestisman.

PWOGRAM AKSELERATÈ

Accélérateur CIIF Haiti Festival

Nan patenarya ak Fondasyon CARACOLI ak TAMISE, pwogram festival mache prese Haiti ,CIIF la vize ekipe endistri pwofesyonèl kreyatif ak konpetans teknik ak biznis, sitou nan entegrasyon mache ak konsèy yo bezwen pou reyisi. Pwogram nan ofri fòmasyonmache prese nan devlopman ak jesyon festival ak yon modil devlopman pwofesyonèl pou sipòte ogmantasyon opòtinite,  divès karyè pou festival ak fasilite amelyorasyon mwayen  ak sous revni toutan pou viv.

 

INKIBATÈ

Inkibatè Ayiti Pwòp

Yon inisyativ ki fèt pou aji sou pwoblèm anviwonman an Ayiti atravè devlopman kapasite Ti Biznis ki genyen oryantasyon sosyal k ap grandi  (SGB) nan etap ki vini apre yo finn rantre kòb, nan jesyon fatra, ekonomi an fòm wonn, ak enèji pwòp. Pandan l ap ankouraje kreyasyon travay, enpak sosyal, ak kreyasyon richès, demaraj pwojè, Ayiti Pwòp sipòte epi devlope ladrès antreprenè nan premye etap demaraj yo, sila yo ki moutre biznis lan ka mache, epi k ap chèche sipò pou ogmante nivo biznis sosyal yo, pou kapab kanpe pou kont yo, ak kapasite pou yo kreye gwo chanjman nan  anviwonman an Ayiti.

 

REBWAZMAN

Pwogram lotri pye bwa

Yon inisyativ ki ankouraje rebwazman atravè yon konpetisyon nan kominote agrikòl an Ayiti tankou yon zouti pou retabli ekosistèm, amelyore mwayen pou viv, epi atake chanjman nan klima. Pwogram nan vize ti kiltivatè ki konsantre sou pyebwa k ap pwodui fwi ak pwodiksyon rekòt bwa pou fè lajan atravè yon apwòch ki peye pou pèfòmans ak yon sosyete modèl nan rebwazman.

EDIKASYON SOU AGRIKILTI

Farming Haiti 360 (Jadinay Ayiti 360) – Mennen jaden an nan sal klas yo

Inisyativ sa vize elèv lekòl primè ak segondè pou pèmèt yo konsidere agrikilti kòm yon karyè. Li ankouraje edikasyon agrikòl atravè yon platfòm aprantisaj  Reyalite Vityèl  (VR) pou anbake moun nan divès anviwònman agrikòl ak fè jaden. Objektif la se pote edikasyon dijital nan seksyon kominal yo, nan vil yo epi nan zòn ki lwen nan peyi a pou enfliyanse nouvo jenerasyon kiltivatè yo epi sansiblize moun sou pi bon atitid nan zafè agrikilti ak pratik agrikòl yo. Redwi nivo divizyon ki egziste ant moun lavil ak moun pwovens nan itilize Reyalite Vityèl la; Pèmèt moun fè eksperyans lavi ak travay jaden  ak vizit nan jaden, epi moutre piblik la  kote manje yo soti.

SIPÒ POU DEVLOPMAN ANTREPRIZ

Pwogram akseleratè (bay jarèt) pou antrepriz fanm ap dirije

Avèk yon konsantrasyon espesyal sou kominote nan seksyon kominal yo, sektè agro-alimantè ak endistri kreyatif yo, WAP se yon inisyativ ki fèt pou bay ti biznis fanm ki genyen pi piti pase 35 lane posede k ap grandi (SGB), sèvis sipò pou devlopman. Sèvis sa yo gen ladan evalyasyon biznis, siveyans sou teren, etid mache, devlopman kapasite, ekri plan biznis, ak sèvis mache prese, epi dirije chak antrepriz nan sans pou satisfè objektif envestisè yo, enpak, ak randman nan benefis.

PATENARYA BIZNIS

Platfòm angajman Dyaspora Ayisyen

Yon inisyativ ki fèt pou ankouraje patenarya ant ti biznis k ap grandi (SGB) k ap travay an Ayiti ak dyaspora a. Pwogram nan vize ankouraje Envestisman dirèk Dyaspora (DDI) nan biznis lokal yo ak  ogmante patisipasyon dyaspora ayisyen an pi byen nan ranfòse antreprenarya ekosistèm lokal la nan angajman san kanpe nan transfè konesans, ak kapasite finansye kòm aktè kritik nan kreye yon ekonomi ki baze sou biznis an Ayiti.

FÒMALIZE AKTIVITE ANTREPRIZ YO

Pwogram fè efò pou biznis mwen soti nan sitiasyon enfòmèl pou li vin fòmèl

Inisyativ la fèt pou akonpaye antreprenè lokal ki kalifye epi ki enspire k ap fè yon biznis enfòmèl ki egziste depi plizyè ane. Li ankouraje tranzisyon an  nan aktivite ekonomik fòmèl ak enpòtans ki genyen nan konfòmite biznis ak Direksyon Jeneral e taks la oswa Direction Générale des Impôts (DGI) pou pi bon siveyans ak pwoteksyon gouvènman an kòm yon chemen pou siksè ak yon prezantasyon mondyal.

YON SISTÈM ALIMANTÈ KI BYEN CHITA

Alyans Sistèm Alimantè a an Ayiti

Yon inisyativ ki la pou konstwi yon sistèm alimantè ki rezistan pou toutan an Ayiti kote katòz (14) patnè fè alyans – patnè sa yo ap travay nan divès aspè nan sistèm alimantè a ak devlòpman chèn valè (rechèch, fòmasyon, pwodiksyon, ak manje) k ap chèche ogmante ak ranfòse patenarya, pou kreye yon sistèm alimantè ak chèn valè kote tout moun jwenn plas yo, ki pwofitab epi ki la pou toutan nan kominote riral yo. Nou fè jèfò pou nou amelyore anpil kolaborasyon ak patnè nou teste epi sila yo nou gen eksperyans avè yo pou ogmante travay ki pou pèmèt bay plis timoun nan lekòl  ak lopital manje ak pwodiksyon lokal yo epi fè yon fason pou kwasans lan pa kanpe epi pou revni fanmi nan zòn riral yo kontinye ogmante.

Nou pran angajman pou devlope antreprenarya nan zòn riral yo ak lidèchip inovatè nan bay sèvis konsiltasyon, tabli kat ekosistèm biznis ki rezistan yo ak envesti nan biznis ki kreye mwayen pou viv dirab atravè peyi a.