Kisa nou ye

Objektif CASELI se ogmante pwosperite nan zòn riral yo, fè pwomosyon ekosistèm komèsyal ki gen kapasite fè fas kare ak pwoblèm yo, fasilite envestisman etranje san entèmedyè, bay patnè lokal nou genyen yo bon jan sipò san kanpe.

CASELI se yon enstitisyon ki sòti nan Root Capital – li se patnè teren ak Yunus Social Business an Ayiti. Oganizsyon an te kreye pou ede kliyan li genyen yo jere risk estratejik yo, risk finansye, teknolojik ak risk onivo lokal, gras a yon prezans sou teren ak yon konpetans kiltirèl ki abòdab (kivledi tout moun ka gen aksè a li) pou amelyore valè antrepriz lokal yo pou antreprenè lokal yo ansanm ak antreprenè etranje yo. Nou travay kòm Operatè Sipò pou ti Antrepriz k ap devlope yo, nou sipòte inisyativ lokal yo ki fè pati sistèm ak pwosesis ki makònen pou enfliyanse devlopman kominotè, agrikilti, zafè manje, ak lasante.

FÒS NOU

  • Nou mete tout nanm nou nan sa nap fè a
  • Nou se antreprenè (kivledi moun k ap kreye)
  • Nou kreyatif
  • Nou kolabore
  • Nou pale plizyè lang
  • Nou konsantre sou enpak yo

VIZYON NOU

Dirabilite a lontèm

Nou anvizaje yon mache finansye lokal k ap fè bon zafè, k ap sèvi biznis yo epi ankouraje inisyativ antreprenarya pou yo ka kanpe sou de pye yo pandan lontan, nan nivo sosyal, ekonomik ak anviwònman an.

MISYON NOU

Otonòm/Granmoun tèt yo gras a Devlopman Kapasite yo

Misyon nou se devlope antreprenarya nan zòn riral yo ak lidèchip inovatè (tou nèf) pou bay sèvis konsiltasyon, tabli kat ekosistèm biznis ki solid yo, epi envesti nan biznis k ap devlope  mwayen dirab pou viv an Ayiti.